Sunteți pe pagina 1din 4

17 oktòb 2018

Jean-Jacques Dessalines
212èm anivèsè asasina Anperè Jean Jacques Dessalines
Jodi a alò ke nap selebre anivèsè 212èm lane asasina Anperè Jean Jacques
Dessalines, Ayiti ankò jwenn tèt li nan yon "Rende-Vou" ak listwa. Epidemi
koripsyon e dènyèman ak yon konsyans kap monte nan tèt yon popilasyon kap dòmi,
vinn gen yon nesesite pou yo pran okazyon saa poul fè yo tande vwal, yon an reyalite
pozisyon ki jistifye.
Pandan ke nap ankouraje manifestasyon pasifik e kriye pou la jistis nan okazyon saa. nou kondane tout zak
vyolans patisipan yo ansanm ak nenpòt ki enfiltrasyon ke lòt moun te ka fè kont patisipan yo. Sepandan,
Jean-Jacques Dessalines, kòm yon lidè Revolisyon ayisyen an e kòm premye chèf yon Ayiti endepandan
anba konstitisyon an 1805, rete pou nou yon enspirasyon pou goumen kont tout enjistis ke se kont yon sèl
moun oswa kont jenerasyon sa a oswa jenerasyon kap vini yo. Jodi a pèp nou an vinn pi konsyan de krim
sa a ki gen rapò ak kriz PETRO KARIBE a e ap sezi opòtinite pou kesyone jesyon fon CIRH, $ 1.50 sou
tout apèl rantran nan peyi a, $ 1.50 sou transfè yo kolekte, lajan koperativ yo kolekte ak anpil lòt bagay
toujou.
Jean-Jacques Dessalines konsidere kòm youn nan zansèt fondatè Ayiti a, san okenn dout tap pran menm
pozisyon ak pèp la jodi a. Diferans lan se ke nou pa nasyonalman motive kòm yon pèp, nou mwens òganize
tankou jan li te oganize. Mach sa a se pa pou yon kou deta tankou jan nou tandel nan la ri a, se yon mach
kap mande jistis, se yon mach kap mande pou yo traduy devan la jistis tout moun ki enplike nan ka sa a.
Prezidan an, M. Jovenel Moise dwe pran yon pozisyon klè kont koripsyon nan eta de dwa peyi a.
Demand yo ka anpil, men yo tout gen yon sèl bagay an komen: Jean Jacques Dessalines; kòm yon senbòl
revolisyon kont koripsyon ak kont yon sistèm ki echwe. Nou bezwen sonje nan okazyon sa a kokenn gason
saa Anperè nou an ki te bat yon lame franse nan batay Vètyè nan lane 1803 epi ki te deklare Ayiti yon
nasyon endepandan nan lane 1804. Kisa nou dwe fè jodi a 17 oktòb 2018 sa a se louvri yon pòt pou nouvo
endepandans nou an.
Jodi a pandan ke nap komemore 212èm anivèsè lanmò Anperè nou an Jean Jacques Dessalines, nou dwe
sonje kouraj li ak valè li e konsiderasyon lanmoul pou peyil. Nou bezwen sonje tou ke se manm menm
ekip la li ki te fè konplo pou touyel e epi si nou dwe tire yon leson, nou jis pa ka gen lènmi libète pami nou,
nou jis pa ka gen lènmi jistis nan mitan nou.
Yon Ayiti lib vle di pou nou, jistis ak yon sans de nasyon ki gen yon nouvo direksyon pou sove
jnerasyon sa a ak jenerasyon ki pou vini yo.

Dr Eddy Delaleu
Sekretè Jeneral-FDHI
17 octobre 2018

Jean-Jacques Dessalines
212ème anniversaire de l'assassinat de l'empereur Jean Jacques Dessalines
Aujourd'hui, alors que nous célébrons le 212ème anniversaire de l'assassinat de
l'empereur Jean Jacques Dessalines, Haïti se retrouve à nouveau dans un «Rendez-
Vous» avec l'histoire. Tempêtée de corruption et récemment confrontée à la prise
de conscience croissante d'une population endormie, la nécessité de saisir cette
occasion pour faire entendre sa voix est parfaitement justifiée.
Alors que nous promouvions la marche pacifique et l'appel à la justice à cette occasion, nous condamnons
tout acte de violence des participants ainsi que toute infiltration pouvant être perpétrée par d'autres contre
les participants. Cependant, Jean-Jacques Dessalines, en tant que leader de la Révolution haïtienne et
premier dirigeant d'un Haïti indépendant régi par la constitution de 1805, est pour nous l'inspiration pour
lutter contre toutes les injustices, que ce soit contre une personne ou contre cette génération ou la génération
suivante en général. Aujourd'hui, notre peuple est plus conscient et conscient de ce crime lié à la crise
PETRO CARIBE et saisit l'occasion pour remettre en question la gestion des fonds CIRH, les $1,50 USD
sur tous les appels entrants dans le pays, les $1,50 USD sur les transferts collectés, les fonds de la
Coopérative collectés et beaucoup plus.
Jean-Jacques Dessalines considéré comme l'un des pères fondateurs d'Haïti, prendrait sans aucun doute la
même position que le peuple d'aujourd'hui. La différence est que nous ne sommes pas motivés au niveau
national en tant que peuple, nous ne sommes moins ou peut-être pas organisés comme il l'était. Il ne s’agit
pas d’un coup d’État comme nous l’avons entendu dire, c’est une question de justice, c’est une question de
traduire en justice toutes les personnes qui pourraient être impliquées dans cette affaire. Le Président, M.
Jovenel Moïse, doit prendre clairement une position contre la corruption dans notre état de droit.
Les demandes peuvent être diverses, mais elles ont toutes un point commun: Jean Jacques Dessalines;
comme symbole de la révolution contre la corruption et contre un système qui a échoué. Nous devons
rappeler à cette occasion notre grand Empereur qui a vaincu une armée française à la bataille de Vertières
en 1803 et qui a déclaré Haïti indépendante en 1804. Ce que nous faisons aujourd'hui, ce 17 octobre 2018,
est une porte ouverte à notre nouvelle indépendance.
Aujourd'hui, alors que nous commémorons le 212ème anniversaire de la mort de notre Empereur Jean
Jacques Dessalines, nous devons rappeler son courage et son sens de l'amour du pays. Il faut aussi nous
rappeler qu’il a été assassiné par des membres du même groupe et qu’il faut tirer une leçon, nous ne pouvons
tout simplement pas avoir d’ennemis de la liberté, nous ne pouvons tout simplement pas avoir d’ennemis
de justice.
Une Haïti libre signifie justice avec un sens de la nation avec une nouvelle direction pour sauver cette
génération et celles à venir.

Dr Eddy Delaleu
Secrétaire Général-FDHI
17 Octobre 2018

Jean-Jacques Dessalines
212th anniversary of the assassination of the Emperor Jean Jacques
Dessalines
Today as we celebrate the 212th anniversary of the assassination of the
Emperor Jean Jacques Dessalines, Haiti again finds itself in a “Rendez-
Vous” with history. Plague with corruption and recently faced with a rising
consciousness of a sleeping population, the need to use this occasion to raise their voice is very
well justified.

As we promote the peaceful March and the cry for justice on this occasion, we condemned any act
of violence of the participants as well as any infiltration that could be perpetrated by others against
the participants. However, Jean-Jacques Dessalines, as a leader of the Haitian Revolution and
the first ruler of an independent Haiti under the 1805 constitution, is for us the inspiration to fight
against all injustices whether against one person or against this generation or the next generation
in general. Today our people are awaken and more conscious of this crime related to the crisis
PETRO CARIBE and are taking the opportunity to question the management of the CIRH funds,
the $1.50 on all incoming calls into the country, the $1.50 on transfers collected, Cooperative funds
collected and many more.

Jean-Jacques Dessalines regarded as one of the founding fathers of Haiti, without any doubt
would take the same position as the people today. The difference is that we are not nationally
motivated as a people, we are less or maybe not organized as he did. This march is not about a
Coup d’état like we have heard, this march is about justice, it’s about bringing to justice all who
might be implicated in this case. The President, M. Jovenel Moise must take a clear position
against corruptions in our state of law.

The demands might be diverse but they all have one thing in common: Jean Jacques Dessalines;
as a symbol of revolution against corruption and against a system which has failed. We need to
remember on this occasion our great Emperor who defeated a French Army at the Battle of
Vertières in 1803 and who declared Haiti an independent nation in 1804. What we do today this
October 17, 2018 is an opened door to our new independence.

Today as we commemorate the 212th year of the death of our Emperor Jean Jacques Dessalines,
we need to be reminded of his valor and his sense of love of country. We also need to be reminded
that he was assassinated by members of the same group and if a lesson needs to be learned, we just
cannot have enemies of freedom amongst us, we just cannot have enemies of justice.

A free Haiti means justice with a sense of nation with a new direction to save this generation
and those to come.

Dr. Eddy Delaleu


Secrétaire Général-FDHI

S-ar putea să vă placă și